Edikasyon se kle epoutan peyi lòk,

Edikasyon se kle epoutan peyi lòk,

Manifestasyon se pi bon dyalòg
Si Kraze brize ka pote on solisyon
E Koripsyon ka pote on koreksyon

Ayiti vyèj men nan la chanm yo gentan vyole l
Twòp Je kale, twòp tèt kale, yo paka wè bote l
Li gen moun anwo l, moun anba l kilè lap pran fòm kòl?
Kilè nap retire men yo nan bouda l, poun mete yo sou zepòl ?
Haiti - FLASH : President Moïse declares a state of health ... 
Twòp fiozòf fè klas yo sou ban di
Sa fè etidyan gen karaktè bandi
Kondisyon peyi a se naje pou n soti, men pou n soti fòk nou
gen bras

Tout moun ta renmen pati sou on sèl drapo
Men kèk nan nou jwenn viza pou peyi san chapo
Depi ou pile katòz 14 ou, ou ka tou pèdi 2 men w
Alòs “lage pye w”, siw vle asire demen w

« Chanje tèt ou, chanje peyi w !! »
An pasan ke Bondye beni w


#Chanjman #Jckobad
Jerry JACKOBAD,
                               Etudiant en année préparatoire à l’INAGHEI

Commentaires