Ti kout je sou kreyòl ayisyen an

Ti kout je sou kreyòl ayisyen an

Si pa malè yo ta mande w ki lang ayisyen pale, l ap difisil pou w di fransè anvan ou di Kreyòl. Menmsi Manman lwa peyi a konsidere  lang sa yo kòm 2 lang ofisyèl peyi a, sa pa anpeche diskriminasyon nan zafè lang lan toujou egziste. Andre Matinè (André Martinet) defini lang kòm yon zouti kominikasyon ki gen 2 atikilasyon (youn sou fòm son, lòt la sou fòm siy) enpi ki sèvi ak vwa. Kidonk, tout sa nou jwenn ki obeyi ak definisyon sa a, nou ka konsidere l kòm yon lang. Sa vle di pa gen mwayen ki ka fè yon lang pi bon pase yon lòt. Paske premye wòl yon lang se penmèt ou kominike. Lè n ap kominike nou kominike sa nou santi, nou kominike emosyon nou ak tout sa nou genyen kòm konesans, sa vle di kòd lonbrit kilti yon pèp mare ak lang pèp sila. Fason sosyete nou an konprann lang bay anpil enkyetid. Anpil ayisyen pa wè lang lan tankpou yon senp zouti kominikasyon ; yo itilize l ak anpil prejije, sa ki vin fè yo inyore kreyòl la. Pou anpil ayisyen youn nan bagay ki pou montre yo ou fò ou byen edike fòk ou ka pale fransè tankou ti blan franse a. Lè konsa yo felisite w, yo mache fè djòlè pou ou tout kote, y ap di « Nèg sa s on gwo save li ye wi, misye pale fransè tankou rat » kidonk, menmsi yon moun ap byen pale an kreyòl sa pa vle di twòp bagay pou yo, menmsi sa moun nan di a bon, menmsi yo byen konprann mesaj l ap fè pase a, men piske se kreyòl l ap pale, y o pap pran l pou anyen, okontrè w ap jwenn k ap di « O  m sezi wi dat ti jennonm sa lekòl, m tande li fè gwo etid nan inivèsite epi pou se bout kreyòl l ap vin lage nan figi moun la  , monchè franchman sa se wont ». Sa poko anyen toujou ; se lè ou antre nan yon biwo ou salye sekretè a nan lang kreyòl, li gade w depi nan pye rive nan tèt anvan li resi reponn ou, tandiske yon lòt antre nan biwo a li kòmanse fè estera ap pale ti fransè avè l, sa w tande a, menm kote a li mete tout trannde grenn dan l deyò pou l souri ak moun nan. Li santi l nan po l dèske l ap pale fransè , li gentan pa nenpòt moun. Lè konsa ti malere a ki vle pou yo pran ka l tou lè l antre nan yon biwo, li chèche kole detwa mo pou l wè si l ka fòme yon fransè mawon pou omwen li ta jwenn yon ti atansyon. Dayè fransè a pa lang manman l , li pa lang papa l nonplis, li paka anpeche l fè detwa sirèt. Men se pa fòt li, se sosyete a ki mete l nan tout tolalito sa. Li te ka pale bon ti kreyòl li alèz wi, men podyab li p ap ka jwenn atansyon l ap chèche a si se nan lang sa l al eksprime l. Diskriminasyon nan zafè lang nan peyi Dayiti se yon bagay tèt chaje. Li menm konn rive koze anpil dega nan pèfòmans akademik anpil elèv ayisyen tou, paske anpil ladan yo konn entèlijan anpil, men piske yo pa metrize lang fransè a byen yo konn pa vle pale. Kidonk, elèv la ka fò vre men si l pa metrize fransè a byen epi si li pran nan presyon piblik la l al eseye eksprime l nan lang fransè a, li posib pou l fè anpil flay ,bagay ki ka fè tout moun pran l pou elèv ki pi kreten ki egziste. Sa ka fè gwo enpak sikolojik sou elèv sa. Sa ka fè l pa fè okenn jefò ankò. Se konsa jou ki te 28 oktòb 2019 la, ki se jounen entènasyonal lang ak kilti  Kreyòl, Ameli Bawon (Amélie Baron) ki se yon jounalis fransè te poste sou kont Twitè l  « Pale fransè pa vle di lespri » Se yon pwovèb kreyòl ki dezapwouve tout moun ki panse depi yo pale fransè se save yo ye.

Kidonk, li lè li tan pou nou sispann devalorize lang kreyòl la ki se lang manman nou. Li se lang majorite ayisyen pale. Se nan lang sa a devlopman an ap posib, paske se ladan l nou pi alèz pou n eksprime nou, se ladan l kilti nou makonnen. Si nou pran egzanp kèk peyi tankou Etazini, Kanada, Lafrans, Sendomeng, Brezil elatriye… Peyi sa yo bay lang manman yo enpòtans anpil. Sendomeng p ap oze fè edikasyon nan yon lang ki pa panyòl se poutèt sa tout liv ak tout gwo rechèch syantifik yo fèt nan lang manman yo ki se panyòl, yon fason pou tout popilasyon an kapab konprann yo epi gen aksè avèk yo pi fasil. Alòs, kisa nou menm ayisyen n ap tann poun bay kreyòl nou an tout plas li nan sistèm ledikasyon nou an ? Kilè n ap pale kreyòl san baboukèt ? Kilè n ap sispann devalorize lang kreyòl nou an poun valorize lang etranje ?
                           
Gutenberg Balthazar, Étudiant 
en Année propédeutique/INAGHEI

Commentaires

  1. Youn nan matyè mw ansenye avan se kreyòl e mw sezi wè depi kenz lane kreyòl kòm lang manman nou ap sibi prejije fas ak lang franse a. Menm sa w di an kreyòl la pèdi valè depi w di tou nan yon lòt lang. Menm elèv wap esike yo ap detwi pwòp rasinn yo. Pi gwo fason nou kap pèmèt kreyòl la viv se dakò pataje pwovèb li yo ki se pi gwo richès ki fè valè lang sila a. Valè Ayiti se valè lang li.

    RépondreSupprimer
  2. Youn nan matyè mw ansenye avan se kreyòl e mw sezi wè depi kenz lane kreyòl kòm lang manman nou ap sibi prejije fas ak lang franse a. Menm sa w di an kreyòl la pèdi valè depi w di tou nan yon lòt lang. Menm elèv wap esike yo ap detwi pwòp rasinn yo. Pi gwo fason nou kap pèmèt kreyòl la viv se dakò pataje pwovèb li yo ki se pi gwo richès ki fè valè lang sila a. Valè Ayiti se valè lang li.

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire